Se yon bagay ki pa fèt fasil men li posib pou sa rive gason, sitou sila yo ki gen laj soti 16 rive 67 lane.

Malgre peni yon gason pa gen zo, sa pa anpeche nou menm chirijyen iwològ (Doktè èspesyalis ki trete maladi aparèy sèks gason ak aparèy pipi gason ak fi) pale de frakti peni (Fracture du pénis) oubyen bwa kase.

Fòk nou konnen ke peni (bwa, pijon) yon gason konpoze de plizyè pati anplis de po nou tout ka wè ki kouvri l la. Youn nan pati sa yo se kò kavène yo (corps caverneux) ki vin ranpli ak san lè bwa yon gason vin rèd. Kò kavène yo ka kase menm jan nou wè yon kreyon kase. Sa posib se lè gason an bande.

Gen anpil sitiyasyon sa ka rive, tankou:
1) Lè yon gason ap fè bagay , sitou si mouvman yo rapid e vyolan, kote pijon an ka soti nan vajen fi a epi al frape sou zo basen l, dada l ou kwis li. Sa rele yon fo pa.
Si gason an pa rive penetre pijon li nan vajen fi a, epi l’ap fòse.
Sa ka rive nan pozisyon tankou lè fi a chita sou peni gason oubyen lè gason an kanpe nan do fi a. Lè moun yo pral vini sitou, yo konn mal pou kontwole vitès gouyad yo, yo ale ak tout vitès. Pijon an lè sa ka chape kite vajen fi a epi al frape sou zo basen, dada ou kwis fi a, li tou kase.
2) Lè yon gason ap bat laponyèt (masturbation).
3) Lè gason an ap dòmi epi li gen yon bann 4è di maten, li vire san l pa t’ atann sou kabann nan sou peni li ki rèd.
4) Lè gason an resevwa yon kou dirèkteman sou pijon li ki te deja rèd. Kou sa ka yon kout pye, oubyen gason an sot tonbe sou li. Epi tou sa ka rive gason an pandan l ap danse. Si li bande epi li menm oubyen fi a fè yon chika dekontwole kote peni l frape fò, li ka tou gen bwa kase. Sa konn rive nen yon dans Jamayiken yo pratike ki rele “Daggering”.
Si sa ta rive yon gason, lap tande pijon li fè yon bri 《kow》tankou lè nenpòt zo kase, lap gen gwo doulè, lap tou pèdi bann rapid e lap wè pijon an anfle, defòme, gen fòm yon berejèn (aubergine).

Lè sa rive, rapid vit li dwe wè yon chirijyen iwològ pou jere pwoblèm sa nan sal operasyon nan yon delè ki pa depase 24 èd tan.
Donk li bon pou fè bagay, men tanpri souple, fèl ak prekosyon ak pasyans pou evite frakti peni, pou plezi a pa vire an kè sere.

Paske, si gen frakti peni, gason an ka pa janm rive fè bagay ankò. Rezon k’ ap fè sa, se paske peni a ka tèlman kwochi gason an pa janm ka rive penetre vajen yon fi ankò oubyen ka pa janm ka bande ankò. Gason sa ka pa janm gen posibilite ansent yon fi nan fè bagay ankò.

Woodjena Louis, MD

One thought on “Eske w te konnen peni (bwa, pijon) yon gason ka kase?

Leave a comment