Nan jou sa yo, nan Pòtoprens sitou, anpil moun mete linèt nwa, se pa ni pou chèlbè ni pou solèy men se pito yon je wouj k ap kache. Yo gen konjonktivit. Se pa sèl non sa maladi sa pote pa bò isit, chak zòn bay yon non. Yo rele l Azoumounou, Je drandran, maloje oubyen pichpich, non sa sitou nan zòn Nò Ayiti.
Aktyèlman gen yon epidemi konjonktivit an Ayiti sitou nan zòn Pòtoprens. Sa vle di anpil moun genyen l an menm tan. Nan moman sa, se sitou viris ki bay maladi sa men ka toujou gen yon enfeksyon ak bakteri tou.
Konjonktivit la se enflamasyon yon ti mambràn ki tapise je a pa devan ki rele konjontiv. Nòmalman, li transparan.
Moun pran maladi sa nan transpòte jèm nan nan je. Fason ki pi fasil la se lè yon moun mete men li ki te kontamine nan je l san li pa t’ lave men l. Li ka te touche bagay yon moun ki deja malad sèvi pou je li tankou linèt, sèvyèt, mouchwa… Oubyen tou, li ka bay moun malad la lanmen pandan ke malad la sot foure men li nan je l san li pa lave l.
Pou yon moun pa gen azoumounou, li dwe:
- Evite mete men nan je.
- Lave men depi fin touche yon bagay ak lè fin bay moun lanmen.
- Evite pataje makiyaj ak moun sitou si moun sa deja gen pichpich.
Yon moun ka panse li gen konjonktivit si li wè je a ap wouj, grate l, fè l mal epi santi tankou ti grenn sab ap woule ladan.
Lè moun gen siy sa yo, yo kwè yo gen je dran dran, yo tou kòmanse fè yon seri bagay ke yo panse ki ka geri yo. Bagay sa yo konn, okontrè, fè plis mal ke byen. Tankou kenbe yon sèvyèt pou ap pase l tout jounen nan je a. Lè sa, men yo sal, gen plis chans kontamine lòt moun. Yo konn mete lalwa nan je a, mete sik, mete dlo sèl, mete dlo kloròs. Konsa tou, moun konn pran mete nan je yo medikaman yon moun di ke yo te bay yo pou mete nan je yo. Bagay sa yo pa bon e yo pa dwe fèt.
Anpil fwa, maladi a ale pou kont li. Moun ki gen azoumounou dwe kenbe figi li pwòp. Li dwe lave vizaj la detanzantan ak savon epi dlo li konn itilize pou benyen. Li dwe al wè doktè je “oftalmològ” ki ap ba li medikaman ke ka li mande.
Sonje, maloje se yon maladi moun pran fasil lè gen epidemi epi moun nan manke vijilan ak lijyèn men yo. Li pa difisil pou trete. Remèd chalatan ap bay yo konn bay plis pwoblèm ke geri. Si ou panse ou gen maladi sa, lave figi souvan, al lopital. Pa mete anyen nan je w si se pa ou menm menm doktè bay li.
Yvelyne Pierre, MD