Ou san dout tande pale de fè yon pwofilaksi kay yon dantis si pou pa fè l deja. Ou konn enpòtans li ak sa li ye?

Souvan pasyan vini kay dantis, lè dantis la mande l poukisa li vini, li reponn se pou netwayaj. Pwofilaksi, ke vrè tèm nan se detatraj ( detatraj ak sifasaj), se yon pwosesis ki la pou retire tat ak tach nan bouch moun nan. Se youn nan premye travay ke dantis lan fè pou pasyan an si se pa yon ijans ki mennen li nan klinik la.

Kouman li fèt?

Apre ke dantis la fin evalye bouch pasyan an, li prepare yon plato ki gen yon bann enstriman file ke yo rele kirèt, li gen yon miwa, yon sond pawodontal, yon gratwa ak yon presèl. Sa rive tou ke yo fè l ak yon pyès motorize. Rejyon apre rejyon, dantis la netwaye tout bouch pasyan an. Li retire tout tat ak tach yo, li fè yon bwosaj pou li epi li pase fil dantè.

Depi nou pale de pwofilaksi, nou pale de tat, kisa tat la ye?

Tat la se kras manje ke bwòs pa rive retire ki jou apre joun semenn apre semenn, mwa apre mwa e menm ane apre ane kèk fwa ki vin di epi rete sou dan an byen kole. Pafwa li konn pran fòm dan an trè byen. Li ka anwo jansiv la tankou li ka anba jansiv tou. Li se yon nich pou bakteri e bakteri sa yo ka lakoz anpil dega.

Ki enpòtans pwofilaksi a?

Kòm pwofilaksi a retire tat yo ki ka lakoz gwo pwoblèm, li vin yon travay ki enpòtan anpil. Tat yo, presizeman bakteri ki ladan yo ka bay kari ( lè yo jwenn sik pandan anpil tan), yo ka bay maladi parodontal, yo ka lakoz move lodè na bouch (lè bakteri yo mouri, lèyo dekonpoze kèk lòt sibtans ak lè yo poupou nan nich la), yo ka bay pwoblèm tou kay kèk moun ki frajil tankou moun ki malad nan kè, fanm ansent epi tou, yo ka koze tou kèk pwoblèm nan aparèy respiratwa a. Se youn nan rezon ki fè yo rele li pwofilaksi paske li prevni anpil lòt pwoblèm.

Se yon travay ki ka dire apeprè 30 minit, li pa vrèman gen doulè ladan.

Atansyon: pwofilaksi a pa blanchiman ni li pa restorasyon. Fòk pasyan an konnen byen ke lè li fin fè pwofilaksi a dan an p ap vin blan epi kari yo p’ap soti. Pwofilaksi an retire sèlman tach ki sou dan yo tankou tach nikotin ( ke nou jwenn nan sigarèt), kafeyin, eksetera… Li pa retire tach ki pwòp ak anomali ke dan ak ka genyen.

Pou kenbe nouch nou pwòp e an sante, vizite dantis nou regilyèman e fè yon pwofilaksi pou pi piti chak 6 mwa.

Yasie Yonel AAPOLLON JANVIER, Chirijyen dantis

Leave a comment